Martha Jean-Claude, ki fèt 21 mas 1919 nan Pòtoprens (Ayiti) epi ki mouri 14 novanm 2001 nan La Avàn (Kiba), se yon fanm ekriven, militant sou dwa sivik chantèz ak konpozitris ayisyèn.li te yon aktris tou,angaje politikmam te fèl al nan prizon sou pezidan Paul Eugène Magloire sa te rann li kite peyi a pou'l tal pran refij li kiba bò kote mari li kiba ki se yon jounalis kiben(Victor Mirabal). li te tou relanse karyè mizik li,li te anrejistre premye albòm li Canciones de Haïti(chante ayiti) li te rive kolabore ak kèk gran atis pou epòk li, tankou celia cruz , Nat king Cole. Li mouri aprè plis ke 50 lane karyè.
Biyografi
Li ekri liv konsène Ayiti oubyen kreyòl ayisyen oubyen nan Karayib an.
Li kòmanse chante nan koral la nan katedral la Pòtoprens. Li aprann chante vodou ak repètwa kreyòl la. Nan lane 1942 li chante nan dyo ak chantèz a Emérante de Pradines.
Pita li vin chantè ki pi popilè nan peyi a.
An 1956, rejim Kolonèl Magloire a vle mete nan prizon mari li, yon militan kominis, paske li te bati lojman sosyal san otorizasyon.
Li chape al Kiba. Li rejwenn mari li aprè senk (5) mwa nan prizon. Nan Kiba li anrejistre premye albòm li epi li vin zanmi avèk Celia Cruz. Lè Fidel Castro vini sou pouvwa a nan Kiba, Martha Jean-Claude vin anbasadris pou rezistans ayisyèn an. Li se yon modèl pou plizyè jenerasyon chantèz ayisyèn tankou Toto Bissainthe ak Emeline Michel.
Nan lane 1991, senk (5) ane aprè fen pouvwa Duvalier, yon festival te òganize avèk jèn mizisyen nan mouvman an "mizik rasin" nan estad Sylvio Cator nan Pòtoprens pou li retounen aprè trant-senk (35) ane. Nan lane 1995 li chante nan estad sa a avèk Celia Cruz ak Emérante de Pradines.
Li mouri nan lopital nan Kiba.[1]
Zèv li yo
- 1958 : Canciones de Haiti
Gade tou
Referans
Lyen deyò