Pierre Grimal fèt Pari nan lane 1912. Li te elèv nan lekòl nòmal siperyè epi manm lekòl fransè Ròm[1]
Biyografi
Pierre Grimal mouri nan lane 1996, se te yon istoryen e latinis fransè, se te yon pasyone pou sivilizayon romen an, kote li fè anpil promosyon pou eritaj kilti ansyen Ròm nan[2]
Li te profesè nan inivèsite Kan ak Bòdo. Nan lane 1952 li vin profesè lang ak literati Latin nan inivèsite Sòbòn. Nan lane 1957 li te eli nan akademi enskripsyon ak bèl lèt yo, kote li te vin administratè sosyete etid Latin yo.
li reyalize yon sèl kou twa vokasyon: savan, pansè ak anseyan.
Kòm savan li te fòme nan lekòl de Ròm, kote li te devlope yon fòmasyon akewolojik e istorik kotel ta pral grandi anba direksyon de gran mèt ki se: Jan Bayè epi Jeròm Kakopino.
Ansyen Itali a te pou li yon patri e yon modèl. Li te ekri anpil liv tankou: Jadin Romen yo(les Jardins Romains) nan lane 1944, syèk sipyon yo(les siecles des scipions), nan lane 1975, diksyonè mitoloji grèk ak Romen nan lane 1951, lyrisme à Rome(1978), L'Amour à Rome(1979), l'histoire mondiale de la femme[1].
Referans
Lyen ekstèn